Hurricane Resources [Haitian Creole]
Resous sou Sekirite lè gen Siklòn
Chè Vwazen,
Antanke rezidan Florida, nou tout byen konnen danje ki genyen lè gen siklòn. An 2022, nou te wè youn nan pi move siklòn ki te ravaje anpil katye nan Sant Florida. Epi kòm kominote nou yo toujou kontinye ap repare, nou vle asire n, oumenm ak fanmi w prepare pou nenpòt sa k ta rive pandan yon sezon siklòn.
Ou kapab toujou chache antre an kontak ak biwo nou an si w bezwen asistans.
Pran swen tèt ou epi rete an sekirite,
Rep. Maxwell Alejandro Frost
Manm Kongrè a
EVAKYE IMEDYATMAN SI YO MANDE SA, PA PRAN TAN
MEN KISA POU W FÈ ANVAN YON TANPÈT
- Enskri pou w ka resevwa alèt pou w sove lavi w atravè imèl epi mesaj tèks nan OCAlert.net
- Ou dwe konnen chèltè ki pi pwòch ou a. Rele nan 407-836-9140
- Telechaje aplikasyon FEMA a sou telefòn ou.
Devlope yon plan ijans pou fanmi ou
- Chwazi yon lokal pou n rankontre
- Fè plan pou bèt domestik ou yo - pifò abri yo pa aksepte bèt ki pa gen moun ki pou pran swen yo
- Ou bloke lakay ou? Rele nan 407-836-9140 pou w òganize yon transpò an tout sekirite
Prepare kay ou
- Anrejistre kay ou a davans nan Asistans lè gen Katastwòf (Disaster Relief Assistance) nan http://www.disasterassistance.gov/
- Achte playwoud ki reziste ak tanpèt pou fenèt yo (pa kole yo!)
- Netwaye rigòl yo ak tiyo drenaj dlo lapli yo
- Mete mèb yo ak lòt objè ki an dezòd yo anndan
- Fèmen bonbòn gaz pwopàn ou an
- Chache konnen kouman pou w itilize jeneratris w la si w gen youn- epi pa janm itilize l anndan kay la
- Revize asirans ou
- Deplase machin yo nan yon teren ki pi wo oswa pake yo tou pre pòt garaj ou a. Pa pake anba pye bwa, anba fil kouran elektrik oswa nan zòn ki ba
Ou rete lakay ou?
- Limen frijidè w la epi moute volim friz la nan dènye nivo epi pa ouvè l
- Fèmen sèvis piblik yo si otorite yo di w pou w fè sa.
- Deploge ti aparèy elektrik yo nan kay la
Asirans Inondasyon
Pwogram Asirans Inondasyon Nasyonal la (National Flood Insurance Program, NFIP) founi asirans abòdab pou pwopriyetè yo ak lokatè yo epi antrepriz yo pou diminye efè inondasyon yo sou kay yo, antrepriz yo, ak pwopriyete yo.
Pou moun ki aplike pou NFIP, pifò kontra asirans yo pran 30 jou pou yo antre an vigè. Epi pou moun ki deja gen yon kontra asirans, tanpri sonje, li pa renouvle otomatikman. Vizite FloodSmart.Gov
MEN KISA POU W FÈ PANDAN YON TANPÈT
1. Swiv enfòmasyon ijans yo nan Televizyon, nan Radyo, epi sou Rezo Sosyal yo
2. Swiv tout enstriksyon otorite lokal yo
3. Evakye imedyatman si otorite lokal yo mande sa
4. Rete anndan lakay ou epi rete lwen fenèt ak pòt yo
5. Pa janm kondi ni mache nan dlo
6. Pa janm rantre nan yon bilding ki andomaje
7. Rele 911 si lavi w an danje
Al Chèche Èd pou Ijans
- Frekans Radyo Sèvis Metewolojik Nasyonal: 162.475
- Rezo ijans radyo piblik nan Florida 98.1 FM
- Estasyon radyo ijans nan vil Orlando: 1650 AM
- Swiv FEMA ak mizajou aktyalite lokal yo sou rezo sosyal yo
Enfòmasyon sou Kontak
- Pou w jwenn yon abri, voye yon mesaj tèks kote w ap ekri "shelter" ak kòd postal ou ladan l nan nimewo 43362
- Egzanp: "Shelter 12345"
- FEMA: 800-621-3362
- Liy Asistans Eta Florida: 800-342-3557
- Jesyon Ijans nan Konte Orange: 407-836-9140
- Jesyon Ijans nan Orlando: 407-246-4357
- Telechaje aplikasyon gratis FEMA a sou telefòn ou
Ti sak pou Siklòn
- Manje ki pa ka pouri (yon kantite ki ka dire omwen 3 jou)
- Dlo (yon kantite ki ka dire omwen 3 jou)
- Kit premye swen (ki gen tout medikaman yo te preskri w ou ka gen bezwen)
- Atik ijyèn pèsonèl epi atik sanitè yo
- Flach ak pil (ou dwe gen pil anplis)
- Radyo ak pil (ou dwe gen pil anplis yon lòt fwa ankò)
- Resipyan dlo pa ka travèse pou w met lajan ak dokiman enpòtan
- Kle pou louvri mamit alamen
- Brikè oswa alimèt
- Liv, magazin, jwèt pou amizman
- Atik pou bezwen espesyal: founiti pou bèt domestik yo ak founiti pou bebe si sa nesesè
- Frijidè pòtab epi pòch pou glas
- Yon plan pou evakyasyon sizoka gen manm nan fanmi an ki separe
Nan ka kote yon tanpèt ta kite w san elektrisite, gen yon seri bagay pou w konsidere epi ki pou ede w rete prè epi an sekirite andeyò preparasyon nòmal kont tanpèt ou yo.
- Gaz: Asire w, tank ou plen yon bon ti tan anvan menm yon tanpèt ta ap apwoche. Pifò moun rete tann jiska dènyè minit, pou yo kouri al chache gaz pou machin ak jeneratris, epi sa ki souvan lakoz gaz ki nan ponp yo fini byen bonè.
- ATM: Ou dwe gen lajan kach anplis nan men w sizoka ou pa gen aksè nan okenn ATM nan zòn ou an oswa yo p ap fonksyone.
- Telefòn Pòtab: Chaje telefòn ou epi pa itilize l souvan apre pàn kouran an.
- A/C (Klimatizasyon): Sa kapab efè segondè ki plis enkonfòtab lè gen pàn kouran pandan yon tanpèt. Eseye anpeche limyè antre pou chofe kay la tout tan sa posib pandan w ap kouvri fenèt ou yo pa anndan. Si w gen vantilatè sekou oswa ki sèvi ak pil, pa limen l, amwenske ou pa nan pyès la.
- Dlo: Ranpli benwa epi gran resipyan yo ak dlo pou w lave ak pou w flòch twalèt sèlman.
- Manje: Bese tanperati frijidè w la epi friz tout manje oswa dlo pou bwè ki ka friz si w prevwa yon pàn kouran.
- Sante/Sekirite: CDC gen yon bon gid konsènan fason pou w rete an sekirite nan ka ta gen yon pàn kouran ki rele: Lè gen pàn kouran
Duke Energy - Rele 800.228.8485 oswa tèks OUT nan 5780 oswa rapò sou entènèt oswa atravè app mobil lan
OUC – Rele 407.423.9018 oswa tèks OUT nan 69682
Winter Park Utility - Rele 1-877-811-8700
Rele 311 pou èd ak inondasyon ki pa nan yon sitiyasyon urjans, fatra, pye bwa ki tonbe, pwoblèm trafik, kondisyon wout ak pwoblèm nan katye.
?? Rimè: Moun nan Florid ap tande pale de pwogram asistans lajan kach FEMA oswa federal pou Siklòn Milton, kote moun ap "ofri" lajan kach imedyat si moun yo soumèt enfòmasyon pèsonèl sansib yo.
? FAK: FEMA pral lage lajan pou asistans endividyèl pou Siklòn Milton APRE tanpèt la pase. Kounye a, FEMA ap konsantre sou efò pou minimize domaj, tankou gen 7 Ekip Asistans Jesyon Ensidan FEMA ak 8 ekip Rechèch ak Sekou Iben ki deja estasyone atravè FL ak elikoptè.
?? KI JAN POU JWENN BON ENFÒMASYON: Vizite RepFrost.us/Hurricane kote nou pral pataje enfòmasyon sou resous federal pou efò rekiperasyon.